Nos Publications

Restez connecté pour savoir ce que nous entreprenons au sein du ministère

Partager cette page

img
img
MDE 28 septembre 2020

MINISTÈ ANVIWONMAN INOGIRE KATRIYÈM SANT JÈMOPLAS PEYI A NAN PODPÈ, DEPATMAN NODWÈS.

Pòtoprens, 27 septanm 2020.- Anba patwonaj Prezidans repiblik la, Ministè Anviwonman inogire katriyèm sant jèmoplas ap pwopagasyon vejetal peyi a, joune samdi kite 26 septanm 2020 an, nan Obè, twazyèm seksyon kominal Pòdedpè. Se prezidan repiblik la, Ekselans Jovenel MOISE ki inogire gwo tonton pepinyè saa nan prezans Premye Minis la M. Joseph JOUTHE, Minis Anviwonman an M. Abner SEPTEMBRE ansanm ak anpil lòt minis ak otorite nan pouvwa a, otorite lokal komin Pòdpè ak depatman nòdwès la, epi san bliye popilasyon lokal la ki pat manke deplase an foul pou vin asiste a gwo evenman saa. Avèk yon kapasite poul pwodwi 4,5 milyon pi pye bwa chak ane, sant jèmoplas depatman nòwès la dwe reponn a yon pwomès elektoral Prezidan peyi a, ekselans Jovenel MOISE poul rive ansanm ak ekip li, fè peyi Dayiti retounen vin vèt ak pye bwa.

 

Minis Anviwonman M. Abner SEPTEMBRE, pa kache satisfaksyon l pou inogirasyon sant jèmoplas saa ki rive fèt pou sèvi tout depatman nòdwès la.  Daprè Minis Septembre, gras ak Sant jèmoplas saa, Ministè Anviwonman ansanm ak popilasyon nòdwès la pral taye banda nan plante dlo, pou nou tout ka rekòlte dlo. « Lè nou konnen ki pwoblèm dlo bay nan vil Poòdpè chak fwa lapli fin tonbe, ebyen avèk kanpay rebwazman nou pral plante dlo a, pye bwa yo pral pèmèt plis dlo rantre nan tè olye yal fè inondasyon anndan vil la » deklare Minis lan. Minis anviwonman an te pwofite poul envite gouvènman kontinye sipòte pwogram Ministè a epi bal plis mwayen paske travay ministè a, ap anpeche leta fè gwo depans nan repare gwo dega feblès anviwonman an lakoz.

 

Bò kote pal, Prezidan repiblik la Ekselans Jovenel MOISE mande popilasyon pou pwoteje sant jèmoplas la, paske se pou yo li ye. Prezidan pwofite envite tout sektè nan popilasyon nòdwès lan pou mete tèt yo ansanm pou yo patisipe nan tout sa kap fèt ki bon pou depatman an, paske selon prezidan an, nou tout dwe bay priyorite ak tout sa ki byen tout kominote a, epi ki ap chanje figi depatman an.  Sete yon okazyon pou premye sitwayen peyi a te renouvle volonte li genyen pou Ministè edikasyon nasyonal nan tèt kole ak Ministè Anviwonman fè patisipasyon elèv lekòl yo nan kanpay rebwazan yo, yon obligasyon anndan pwogram lekòl yo. Pandan li te pwofite pou li remèsye peyi Taiwan kite finanse konstriksyon sant jèmoplas depatman Sid la, Prezidan repiblik la pwofite raple lòt peyi zanmi yo kite pran angajman pou sipòte pwojè sa a, pou yo respekte angajman yo, sakap ede leta ayisyen rive konstwi 14 sant jèmoplas nan 10 depatman peyi a. 

 

Nap raple, travay konstriksyon Sant jèmopplas ak pwopagasyon vejetal nòdès la te kòmanse depi mwa oktòb 2018, kote sete Prezidan peyi a kite fè poz premye wòch travay la. Anvan menm li te rive inogire, sant jèmoplas saa te gentan pwodwi 5.3 milyon ti pye bwa ki gentan ale plante nan tè anndan komin nan depatman nòdwès yo. 

-FIN-