Piblikasyon nou yo

Rete konekte pou chèche konnen ki sa n ap fè nan ministè a

Partager cette page

img
img
MDE 8 août 2018

Avan lontan yon sant jèmoplas tou nèf nan depatman NÒ pou remambre eskanp figi peyi a nan zafè pyebwa.

Okap, 3 fevrye 2018. Avѐk sipò Prezidan Repiblik la, jovenel MOISE, Ministѐ Anviwonnman komanse samdi 3 fevrye  travay konstriksyon senkyѐm Sant Jѐmoplas ak pwopagasyon vejetal peyi a. Seremoni sila te tanmen nan prezans premye Minis peyi a Jack Guy LAFONTANT, lòt minis nan gouvѐnman, kѐk palmantѐ epi otorite lokal yo, nan dezyѐm seksyon kominal Granpre ki nan komin Katye Moren. Se Prezidan peyi a li menm ki te fѐ premye jѐs la, sant sila pral gen poul pwodui anpil pyebwa ki bay fwi epi anpil lòt kalte ki pral ede yo rebwaze depatman Nò a.

Sant Jѐmoplas sa ap kapab pwodui chak lane, 4,5 milyon pyebwa tout kalte. Menm jan ak 4 lòt yo, lap kapab pwodui anpil plantil men tou lap gen kapasite pou li konsѐve semans ak lot materyѐl ki pral ede nan rebwaze deptman Nò a.

Ak tout jefò sa yo, Ministѐ Anviwonnman tou lanse yo kanpay pou li kapab kwape dezѐtifikasyon kap ravaje anpil kote nan peyi epi tou konbat fenomѐn koupe pyebwa a.

Nan lojik sa, Chѐf leta felisite Minis Anviwonnman poutѐt li respekte sa ki te ekri nan pwogram gouvѐnman sou koze anviwonnman, epi li dilap ranfòse koperasyon ministѐ a ak lot patnѐ entѐnasyonal kap travay nan domѐn rebwazman.

Prezidan te tou fѐ konnen espas sant yo pral sѐvi pou fome jѐn nan depatman an ak sipò lòt ministѐ nan teknik agrikòl ak lòt tematik ki gen rapò ak pwoteksyon anviwonnman.

 Nap fini pou nou di, ministѐ a dwe konstwi 10 sant jѐmoplas nan tout peyi a, (youn nan chak depatman). Sa pral fѐ Ayiti, nan lane kap vini yo genyen yon kapasite pou li pwodui plis pase 45 milyon espѐs  pyebwa tout kalte.