Pwojè nou yo

Jwenn enfòmasyon sou pwojè MDE yo
img
0202-16

HAITI - Jounen Anviwònman

07:00 am - 09:00 pm

         Minis Anviwònman ayisyen an te selebre "Jounen Mondyal Latè a, Madi, 22 avril, anba tèm :" Ayiti ak Chanjman Klima, Pwogrè e Posibilite".

Nan okazyon sa a Minis Anviwònman an Jean Francois Thomas te montre ke Ayiti klase kòm katriyèm peyi ki pi frajil an tèm de klima. Dapre li, nivo degradasyon peyi a egal a yon pèt sou $ 5 milyon dola nan yon ane. Ministè Anviwònman an selebre Jou Mondyal ane sa a nan yon dyalòg ak gouvènman an ak lidè sosyete sivil yo alantou rechofman atmosfè pou jwenn solisyon a dis(10) pi gwo pwoblèm anviwonmantal peyi an ap fè fas jodi a.

Sonje ke evènman sa a te selebre pou premye fwa jou ki te 22 avril 1970. Yo konidere Jounen Mondyal Latè kouwè lye la tankou evènman ki pi enpòtan nan anviwònman nan mond lan. Fondatè evènman sa a se Senatè Ameriken Gaylord Nelson, ki ankouraje elèv yo aplike pwojè konsyantizasyon anviwonnman nan kominote yo. Jodi a, Jounen Mondyal Latè selebre atravè mond lan pa plis pase 500 milyon moun nan 184 peyi yo.