Pwojè nou yo

Jwenn enfòmasyon sou pwojè MDE yo
img
0506-18

Jounen Mondyal Anviwònman

07:00 am - 09:00 pm

       Jounen Mondyal Anviwònman an se jou ki pi enpòtan ki selebre pa Nasyonzini pou ankouraje konsyantizasyon ak aksyon mondyal pou pwoteksyon anviwònman nou. Depi lansman li nan 1974, jou sa a te vin tounen yon jou mondyal konsyantizasyon piblik ki selebre nan plis pase 100 peyi.

      Yon jou pou nou tout, Jounen Mondyal Anviwònman an se yon "jou pou tout", objektif la se fè yon bagay pou byennèt tè a. Sa kapab yon inisyativ lokal, nasyonal oswa entènasyonal, endividyèl oswa kolektif, tout moun lib pou chwazi. Li se tou yon opòtinite pou moun ki sòti nan tout kote vini ansanm asire yon pèspektiv pwòp, pi vèt e plis pwomèt pou tèt yo ak jenerasyon kap vini yo. Tèm Chak Jounen Mondyal Anviwònman òganize pou atire atansyon piblik la patikilyèman sou yon aktualite anviwònman ki enkyetian. Tèm la pou ane sa a 2018 se batay kont polisyon plastik.