Pwojè nou yo

Jwenn enfòmasyon sou pwojè MDE yo

        Nan Madi, Ministè Anviwònman an, Biwo ofisye òtonatè nasyonal ak Inyon Ewopeyen, te lanse nan vil Leogane yon pwojè inovatè ki vize a diminye frajilite komin nan sou kesyon chanjman nan klima ki Rele "Solisyon pou chanjman nan klima nan basen vèsan Carrefour / Léogâne", pwojè sila ki finanse a otè de  € 1.2 milyon, e ki aplike pa òganizasyon Caritas Swis ak Asosyasyon pou Aksyon ak Koperasyon pou Devlopman, se yon rezilta dirèk nan pwogram Sipò pou Chanjman Klima nan Devlopman Nasyonal Ayiti (AP3C) ak Inisyativ Global Chanjman Klima (AMCC), tou lè de sipòte pa Inyon Ewopeyen.

        Pwojè sa a vize 10,000 fanmi ki nan milye iben ak 2,500 fanmi ki nan milye riral yo. Li konbine plizyè aktivite ki vize chanje pratik sèten nan popilasyon an ki eksplwate souvan de fason irasyonèl anviwònman an, ki vin pi plis vilnerab a enpak chanjman nan klima akòz degradasyon sa. Pami aksyon ki te planifye yo nou ka site: aktivite pou bay teknik pou kwit manje avèk enèji ki efikas tankou bagas pou limite itilizasyon chabon, rebwazman seksyon kominal yo nan fè kolèt pou sèvis anviwonman, amelyorasyon teknik pwodiksyon agrikòl nan fè pwomosyon pou yo sèvi ak poud chabon, ki rele "biochar" lan, ak ankourajman pou pratik agwoforestye yo.