Piblikasyon nou yo

Rete konekte pou chèche konnen ki sa n ap fè nan ministè a

Partager cette page

img
img
MDE 8 août 2018

Gwo chalè pandan peryod vakans la epi tou yon sistèm pou kontwole klima kap nou adapte ak chanjman klimatik yo

Pòtoprens, jou ki  26 jen 2018 la.

Ministѐ Aniwonnman fѐ tout moun konnen gwo chalѐ k ap frape nou nan moman sa, se konsekans chanjman klimatik yo, jan lameri pòtoprens te di nou sa. Epi tou, nan menm jounen sa, Sѐvis Teknik ministѐ a te siyale nou tanperati zòn metwoplitѐn nan te monte rive jis 29,5 degre santigrad.

Nan yon kondisyon konsa nap swe anpil epi nap santi nou pi cho. Sitou nan moman koup dimonn lan kote anpil moun pral reyini ansanm pou gade ekip yo kap woule boul, anpil ladan yo pral gen tѐt fѐmal, kranp ak lòt pwoblѐm ki kapab touye moun.

Nan sans sa, ministѐ a fѐ tout moun konnen li pral aji ak kѐk lòt patnѐ kap travay nan domѐn nan pou kontwole sitiysyon sa epi pataje ak popilasyon an tout desizyon yap pran.

Ayiti se yon peyi ki gen gwo danje klimatik ki pandye sou tѐt li, li lѐ li tan pou n aprann adapte nou epi viv ak yo.