Piblikasyon nou yo

Rete konekte pou chèche konnen ki sa n ap fè nan ministè a

Partager cette page

img
img
MDE 8 août 2018

PREZIDAN REPIBLIK LA INOGIRE DEZYÈM SANT JÈMOPLAS NAN DEPATMAN NIP

Pòtoprens, 7 jen 2018.

Ak sipò Prezidan peyi a, Jovenel MOISE, Ministѐ anviwonnman inogire nan depatman Nip dezyѐm sant Jѐmoplas forestye ak fwitye peyi a, inogirasyon an te fѐt nan kontѐks jounen mondyal anviwonnman.

Se nan yon anbyans fѐt ak angajman sitwayen, Chѐf leta, Premye Minis la ak lòt minis nan gouvѐnman, kѐk diplomat, otorite legliz, palmantѐ, moun nan sosyete sivil ak otorite lokal yo te patisite nan seremoni sila .

Nan diskou li te fѐ, Prezidan bat bravo pou sant la li di ki pral ranfòse kapasite jesyon ak pwodiksyon pyebwa nan peyi a. Daprѐ Prezidan, sant la pral travay pou li bay tout komin ki nan depatman an sѐvis, epi li tou mande peyi zanmi Ayiti yo pou yo ba li bourad pou li kapab kontinye konstwi lòt sant nan tout peyi a.

Toujou nan menm okazyon an, Prezidan te dekore kѐk moun kap travay pou pwoteje anviwonnman peyi a nan yon sans osnon yon lòt ; tankou mesye ak mdanm Guy ETIENNE ki se responsab kolèj Catts Pressoir, Mesye Alphonse BRUNO ki se responsab Fondasyon Makaya epi William CINEA ki se responsab Jaden Botanik nan vil Okay.

Bò kote pa li Minis anviwonnman di prezidan yon gwo mѐsi ak patnѐ li yo pou sipò teknik ak lajan yo te bay pou konstwi sant la. Minis la pwofite pou li montre detѐminasyon ekip li a kap travay pou ranfòse pwodiksyon plantil tout kalte nan peyi a.

Daprѐ tradisyon peyi nou chak moun ki fѐt yo te toujou plante yon pyebwa ak kòd lonbrik li kote lap pran swen li jis li vin gran.